No menu items!
HomeChants D’esperance Kreyòl57 CDK – Jezi, mwen te pran lakwa mwen

57 CDK – Jezi, mwen te pran lakwa mwen

1

Jezi, mwen te pran lakwa mwen

Kite tout bagay poum swiv ou

Meprize e abandone,

Ou se tout bagay pou mwen

Mwen kite tout vye anbisyon,

Tou sam te chache e konnen;

Poutan mwen pa manke anyen

Bondye pou mwen, Kris pou mwen.

2

Tout moun te mèt ale kitem,

Yo te kite Sovèm nan tou;

Menm bon zanmi kapab twonpem,

Men ou menm ou pa menm jan ak yo

Si ou menm ou kontan avèm,

Bondye sajès ak lanmou,

Yo mèt rayim, yo mèt kitem,

Avèk ou lavi mwen byen.

3

Lèzòm mèt pèsekite mwen,

Sa va fè m pwoche pi pre ou

Lavi di ka maltrete mwen,

Pou mwen, syèl la va pi dous

Okenn mal pa ka fèm soufri

Pandan lanmou ou pou mwen

Plezi tè sa a pa fèm rejwi

Jwa ou bay, se jwa san fen.

4

Ann mache nan chemen laglwa

Ak lafwa ak lapriyè

An nou konbat pou laviktwa

Ak Bondye nou gen lapè

Byento nou va kite tè sa a;

Pelerinaj nou va fini

Nou va wè fwi tout travay la,

Rekonpans nou, se Jezi.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!