No menu items!
HomeRéveillons-Nous Kreyòl56 RNK – Koute vwa Jezi ki nan dezè a

56 RNK – Koute vwa Jezi ki nan dezè a

1

Koute vwa Jezi ki nan dezè a

Lap chache mouton ki pèdi yo

Mouton ki egare lwen patiraj la

Lap fè yo rantre nan pak la.

Refren

Vini, vini mouton ki pèdi yo

Vini, vin jwenn mwen;

Bèjew ap chachew

Men vwam nan dezè a ape rele ou

E de bram louvri poum resevwa ou

Vin jwenn mwen.

2

Sonje te gen 100 mouton nan pak la

Genyen youn ki te egare

Byen lwen nan mòn nan, nan vale a

Li te twouse pyel, lal chachel.

3

Li te kite katrevendiznèf yo

Poul ale chache yon sèl la

E lèl te jwenn li. Li te tèlman kontan

E sou zepòl li, li potel.

4

Sonje ti gason ki te pèdi a

Li te mande papal byen pal

E lèl te pati fin depanse yo;

Li te oblije retounen.

5

Ou menm si ou vle vini jodi a tou

Konsa li va resevwa ou

Li te pote lòt la sou zepòl li

La akeyi ou nan bra li.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!