No menu items!
HomeRéveillons-Nous Kreyòl55 RNK – Lè lavi mwen va fini

55 RNK – Lè lavi mwen va fini

1

Lè lavi mwen va fini

E mwen janbe rivyè a,

Lè mwen wè briye

Yon maten glorye,

Ma va konnen Redanmtè mwen

Lè ma rive nan syèl la

E souri li va pou mwen yon byenveni.

Ma va wè li, ma konnen li,

Lè ma kanpe bò kote Jezikri;

Ma va wè li, ma konnen li

Ak mak klou yo li genyen nan men li.

2

Ala kontan ma kontan

Lè ma wè li fasafas

Ak tout gran amou

Kap briye nan je li!

O! kè mwen va louwe li

Pou mizerikòd ak gras!

Li pare pou mwen

Yon bèl plas lakay li.

3

Nan bèl peyi anwo a

Mwen genyen kèk byenneme,

Mwen sonje lè yo te di mwen orevwa

Ak lajwa yo va chante

Lè yo wè mape rive,

Men mwen ta vle wè

Sovè mwen premyèman.

4

Mape antre nan vil la

Ak yon wòb blan ki san tach

Kote pap gen soufrans ni tristès ankò;

Mape chante ak zanj yo

Nan yon si bèl amoni

Men mwen ta vle wè

Sovè mwen premyèman.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!