No menu items!
HomeEcho Des Elus Kreyòl55 EEK – Nan monn sa a gen moun kape viv san...

55 EEK – Nan monn sa a gen moun kape viv san Bondye

1

Nan monn sa a gen moun kape viv san Bondye

Yo pa panse ak sa ki kapab rive

Yo pa asire nanm yo okenn kote

Se nan Jezi nanm moun ka gen lapè.

Ou menm ki pòv, vin jwenn Jezi

Ou menm ki rich, vin jwenn Jezi

Leve pye ou, tè sa a pral disparèt.

2

Nan monn sa a anpil moun chache gen yon asirans

Men yo pa genyen asirans pou nanm yo

Pa panse al kay bòkò se yon asirans

Se nan Jezi nanm ou va asire.

3

Nou sonje tout katastwòf ki konn pase

Ki konn ravaje peyi nou Ayiti

Grannèg yo kou malere konn oblije

Rekonèt pouvwa Bondye nou an genyen.

4

Gen yon pi gwo katastwòf ki pral vini

Siw san Jezi ou tankou yon kay koule

Wa twonpe solèy menw pap twonpe lapli

Bay Jezi laviw pouw pa peri jou sa a.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!