No menu items!
HomeChants D’esperance Kreyòl54 CDK – Leve nanm mwen ak solèy la

54 CDK – Leve nanm mwen ak solèy la

1

Leve nanm mwen ak solèy la

Kòmanse tach ou jodiya

Premye bagay ou gen pou fè

Se louwe Bondye ak tout kè.

2

Pinga ou gaspiye tan ou

Viv jodiya kon dènye jou

Anplwaye talan ou yo byen

Nou tout va jije alafen.

3

Tout pawòl ou yo dwe sensè

Konsyans ou dwe toujou klè

Paske Bondye wè sa wap fè

Li konn tout panse nan tout kè.

4

Kè mwen, se pou ou leve tou

Tout zanj yo va chante ak ou

Yo menm yo pap janm fatige

Louwe, beni, sèvi Bondye.

5

Bondye mwen vle di ou mèsi

Ou te pwotejem lèm dòmi

Lè mwen dòmi pou dènye fwa

Fèm leve devanw ak jwa.

6

Mwen vle remèt mwen nan men ou

Netwaye kèm ak lesprim tou

Gide volonte mwen chak jou

E ranpli mwen ak Lespri ou.

7

Gidem, Senyè, tanpri konduim

Nan sa map panse, fè ou di

Pou tout fòs mwen kapab sèvi

Pou laglwa ou Senyè Jezi.

8

Beni Bondye ki renmen nou

Beni li, tout moun toupatou

Ak zanj nan syèl yo ann beni

Papa, Pitit e Sentespri.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!