No menu items!
HomeEcho Des Elus Kreyòl50 EEK – M konfyem nan Bondye tout kote mwen ye

50 EEK – M konfyem nan Bondye tout kote mwen ye

1

M konfyem nan Bondye tout kote mwen ye.

Ni sou latè, ni sou lanmè twouble;

Nan tout traka, nan lavi sa a

Papam nan syèl la ape veye mwen.

M konfyem nan li,

Mwen konnen lap pran swen mwen,

Nan dezè a, ou nan move chemen,

Lanmè pousem, Bondye kenbem

Papam nan syèl la ape veye mwen.

2

Li gade flè nan jaden toupatou,

Li pran swen zwazo kap chante pou nou,

Jiska lafen, lap sonje mwen,

Papam nan syèl la ape veye mwen.

3

Wout la ka di, nyaj yo kouvri mwen,

Bèje a gade moutonl jouk lafen.

Apre monn sa a, na wè syèl la,

Papam nan syèl la ape veye mwen.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!