No menu items!
HomeChants D’esperance Kreyòl50 CDK – Pran lavim, Senyè Jezi

50 CDK – Pran lavim, Senyè Jezi

1

Pran lavim, Senyè Jezi

Mwen vle konsakrel ba ou.

Pran chak è, e pran chak jou,

Tout tan mwen vle louwe ou. (2 fwa)

2

Pran men mwen yo, Jezikri,

E sèvi ak yo, tanpri.

Pran pye mwen yo tou, Senyè,

Pou kouri pou ou tout è. (2 fwa)

3

Pran vwa mwen, e kite mwen

Chante pou ou, ki Wa mwen.

Pran lèv mwen yo, ranpli yo

Ak mo ki soti anwo. (2 fwa)

4

Pran lò mwen ak lajanm tou,

Tout sam genyen se pou ou.

Pran lesprim ak tout fòs mwen,

Sèvi ak yo jouk lafen. (2 fwa)

5

Pran volonte pam, Senyè;

Sa ou vle, se sa ma fè.

Pran kè mwen, li pou ou tou,

Li va sèvi lakay ou. (2 fwa)

6

Pran lanmou mwen, Senyè mwen,

Fèl pou ou yon bagay sen.

Pran mwen menm, m vle viv toujou

Ak tout fòs sèlman pou ou. (2 fwa)

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!