No menu items!
HomeRéveillons-Nous Chrétiens Kreyòl49 RCK – Mwen tape viv nan peche

49 RCK – Mwen tape viv nan peche

1

Mwen tape viv nan peche,

Nan lemonn sa a ki twouble,

Em te fè anpil bagay mwen pat dwe fè;

Mwen tape chache repo,

Yon kote pou mwen poze

Pou mwen jwenn lapè, lajwa,

Lanmou san fen.

Lòtbò pon an, pap gen traka,

Lòtbò pon an, pap gen tristès

Solèy klere lòtbò rivyè a

E mwen pap janm

Genyen dlo nan je ankò.

2

Senyè Jezikri ki Wa mwen,

Jouk mwen tande vwal pale

Mwen va chante tout mèvèy

Li fè pou mwen

Rivyè jouden an va pre,

Vwa twonpèt la va sonnen

E mwen va wè bèl kote

Lòm pa janm wè.

3

Lè ma rive nan syèl la

Ma chita ak byenneme yo

E ma chante glwa li pou letènite,

Kè mwen va ranpli ak jwa,

Lèm va wè vil selès la.

Kote ma viv pou letan letènite.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!