No menu items!

47 HCK – Chemen an pa fasil

1

Chemen an pa fasil

Jouk nou rive nan syèl la,

Li genyen pikan e pyèj anpil.

Chemen an pa fasil

Men Jezi mache ak nou

Li rann kè nou toutafè trankil.

Non, non chemen an pa fasil (2 fwa)

Men Jezi mache ak nou

Li pote fado nou

Gras li fè kè nou rejwi anpil.

2

Chemen an pa fasil,

Genyen eprèv, gen traka

Tout kote nou pase gen danje.

Wout la mèt difisil,

Si Jezi kenbe men nou

Na rete fèm lè pye nou glise.

3

Kò nou konn fatige,

Dekouraje nan wout la

Epi satan konn vin tante nou.

Men nape tann Senyè nou

Kap parèt nan glwa li

Lape pran nou ak li yon bèl jou.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!