No menu items!
HomeRéveillons-Nous Chrétiens Kreyòl46 RCK – Laza te nan mizè men li te genyen Jezi

46 RCK – Laza te nan mizè men li te genyen Jezi

1

Laza te nan mizè men li te genyen Jezi

Nonm rich la tap rejwi menl pat konnen Jezi

Nonm rich la vin mouri e Laza te mouri tou.

Laza te monte nan syèl,

Nonm rich la te rete atè.

Vlopem, marem, anterem nan vye nat la

Vlopem, marem avèk Jezi

Pase poum ta gen bèl antèman

Poum ta mouri san Jezi

Vlopem, marem, anterem nan vye nat la.

2

Gen anpil moun ki konprann

Paske yo genyen lajan

Yo pa vle konvèti, yo pa vle sèvi Bondye

Lè moun sa yo mouri yo gen pi bèl antèman

Tout sa pa itil anyen, se bèl vwayaj pou lanfè.

3

Jodi a poum grannèg fòk kay mwen fèt annò

Sèkèy mwen fèt annò, fotèy mwen se pa pale

Tout gran panpan sa yo, tout sa yo se vanite.

Vlopem nan moso katon pou male avèk Jezi.

4

Jodi a poum gran nèg

E demen poum ta mouri

Antèman dimil dola,

Tout moun ap pale de mwen

Aswè koul fè minwi,

Malfektè vin pran zonbim

Minotem de bra dèyè,

Fèm rele men map pase.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!