No menu items!
HomeChants D’esperance Kreyòl45 CDK – Non Jezi gen yon son si dou

45 CDK – Non Jezi gen yon son si dou

1

Non Jezi gen yon son si dou

Li chase tristès nou.

Non Jezi ban nou gerizon,

Pa gen yon pi bèl son.

2

Non Jezi kalme kè twouble,

E lespri fatige.

Li kon yon manje tèlman dou

Pou nanm yo ki grangou.

3

Non Jezi se kon yon gwo wòch

Ki pa ka deplase,

Li pwotejem, li kache mwen,

La sovem jouk lafen.

4

Jezi sèvi pou mwen tankou

Bèje e zanmim tou,

Se li ki chemen an, epi

Laverite, lavi.

5

Mwen pat ka fè anpil pou ou;

Sam fè a piti tou;

Ma di ou mèsi pou tout gras,

Lè ma wèw fasafas.

6

Annatandan, mwen vle sèvi

Ak tout souf mwen, pou di

Tout pechè yo, se nan non ou

Yo kapab sove tou.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!