No menu items!
HomeMélodies Joyeuses Kreyòl44 MJK – Kè mwen tèlman kontan

44 MJK – Kè mwen tèlman kontan

1

Kè mwen tèlman kontan

Tas mwen debòde

Ala kontan m kontan

Mwen genyen lajwa

Ki vini nan kè mwen

Depi mwen sove

Paske m te fèt yon lòt fwa.

Ma chante, rakonte,

Tout kote male;

Mwen vle tout moun tande,

Mwen vle yo konnen,

Jwa sa a ki nan kè mwen

Ki fèl debòde,

Paske m te fèt yon lòt fwa.

2

Mwen konnen mwen rachte,

Sentespri ap dim

Jezi te sove mwen

Li lave tout vim.

Map rejwi, map viv

Nan Jezi ki zanmim,

Wi mwen te fèt yon lòt fwa.

3

Mwen renmen Sovè mwen,

Travay Li map fè;

Mwen renmen pèp Bondye,

E moun ki pechè;

Mwen renmen kounye a

Swiv chemen Kalvè,

Paske m te fèt yon lòt fwa.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!