No menu items!
HomeEcho Des Elus Kreyòl43 EEK – Ou wè tribilasyonm Senyè Jezi

43 EEK – Ou wè tribilasyonm Senyè Jezi

1

Ou wè tribilasyonm, Senyè Jezi

Ou konnen mizè mwen

Si ou lage mwen, ki moun kap konsolem?

Mwen tankou yon òfelen

Nan yon monn si mechan

Ou se sèl espwa ke mwen genyen

Tanpri Senyè sove mwen.

Mwen priyew nan maten

Mwen relew a midi

E mwen priye aswè

Map chache yon sekou,

Ki pako ka vini

Mwen prèt pou mwen mouri

Poukisa ou pako vini Jezi?

Gen pitye pou mwen.

2

Poutan nan monn sa a,

Gen moun ki byen alèz

Ki pa menm konnen Bondye

Moun kap sèvi ou yo,

Yo toujou meprize

Pa kite mwen twouble

Pou bagay nan monn sa a

Mwen konnen menm si mwen malere

Yon jou wap vin chache mwen.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!