No menu items!
HomeChants D’esperance Kreyòl41 CDK – Jezi, se nan prezans ou nanm mwen pran plezi

41 CDK – Jezi, se nan prezans ou nanm mwen pran plezi

1

Jezi, se nan prezans ou nanm mwen pran plezi

Ou konsolem nan gran tristès.

Ou se jwam lajounen, e chan mwen lannwit.

Ou banm espwa, se yon richès.

2

Bon Bèje, kote ou gade mouton ou

Pou ba yo patiraj lanmou?

Poukisa mwen kriye nan santye lanmò

Ou rete nan dezè san ou?

3

Tanpri pa kitem drive isit san ou

Ap kriye nan dezè pou pen.

Detrès mwen ta yon lajwa pou lènmi ou

E yo ta rejwi nan penn mwen.

4

Lèl gade genyen dimil zanj kap rejwi,

E anpil ap tann pawòl li.

Lèl pale tout letènite anvayi

Avèk lwanj pou Jezikri.

5

Bon Bèje, mwen tande epi map swiv ou

Map mache ak ou pa lafwa.

Kenbem e defann mwen, mwen toujou pou ou

E nan ou map toujou an jwa.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!