No menu items!
HomeChants D’esperance Kreyòl40 CDK – Nap chante Wa a ki gen pou vini

40 CDK – Nap chante Wa a ki gen pou vini

1

Nap chante Wa a ki gen pou vini

Glwa pou Jezi, mouton an ki mouri

Pou ofri tout moun delivrans, lavi.

Tout pèp va kontan lè Jezi va Wa.

Vini chante: glwa pou Jezi

Alelouya, glwa pou Jezi

Nou ki moun pa Jezi, sa se chan nou:

Tout glwa pou Jezi, se li ki Wa nou.

2

Pèp yo va rete nan bèl limyè li,

Tout moun va ansanm, wi yo va ini

Se laverite ki va etabli

Pap gen lenjistis, lè Jezi va Wa!

3

Tout bagay va bon nan wayòm Kris la,

Kot libète ak sajès pral vini.

Tout lènmi nou yo va tounen zanmi

Tout zam mete ba lè Jezi va Wa.

4

Tout moun va mache nan pisans Lespri

Dout pap ka twouble moun ki nan Jezi

Nou pa pè lanfè, fòs lanmò fini,

Lanmou toupatou, lè Jezi va Wa.

5

Nap lapriyè pou wayòm Kris vini

Bondye, fè li vini vit pou detwi

Tout move bagay, pou nou kapab di:

Rèy satan kaba, se Jezi ki Wa.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!