No menu items!
HomeRéveillons-Nous Kreyòl4 RNK – Se pa yon chemen tankou gran ri

4 RNK – Se pa yon chemen tankou gran ri

1

Se pa yon chemen tankou gran ri

Ki plen avèk gwo magazen

E kote tout machin pase,

E ou jwenn tout byen materyèl.

Refren

Nou menm nou jwenn

Yon vrè chemen pou nal nan syèl (2 fwa).

2

Se pa yon chemen tankou channmas

Kote tout moun al pran bon van,

Ki gen frechè, ki gen lonbraj,

E ki gen jaden ak bèl flè.

3

Mande mwenn ki chemen li ye,

Em va di ou se yon ti chemen;

Yon ti chemen etwat anpil

Kote tout moun pa kapab vini.

4

Se yon chemen trè danjere,

Ki gen falèz, ki gen danje

E ki gen tout tan, tout lajounen,

Plen maladi ak pèsekisyon.

5

Ou pa bezwen pè ou mèt vini

Si ou vini ou pape sèl;

Wap jwenn repo, lapè, lajwa

Avèk bonè isiba.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!