No menu items!
HomeRéveillons-Nous Chrétiens Kreyòl39 RCK – Wape mache wap kalkile

39 RCK – Wape mache wap kalkile

1

Wape mache wap kalkile

Ou pa konnen kote ou prale

Ou tankou yon moun ki fini dekouraje

Figi ou sanble ou gen anpil touman

Sanble yon moun ki pèdi manman

Dezespwa fin anvayi kèw

E poutan.

Ak Jezi, ak Jezi

Lavi a vin gen yon lòt sans

Ou viv avèk esperans

Ak Jezi, ak Jezi

Ou viv ak trankilite

Ou pa janm enkyete.

2

Pa okipew de moun kape jwi

Deyò ki bèl, anndan menm pouri

Gen yon jou ki pou rive

Pou tout mechan peri

Mete lespri ou nan tout sa ki bon

Anplwaye tan ou nan yon bon misyon

Wa gen anpil benediksyon

Wa kontan.

3

Senyè a se yon Bondye jalou

Li pa vle poun mache toupatou

Li mande nou pou nou rete

Nan pyel chak jou

E ki kote poun mete espwa n

Si nou pa lage n nan pye lakwa

Nan pye Senyè Jezi ki sèl Wa a,

Poun sove.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!