No menu items!
HomeLes Cantiques De Béraca Kreyòl39 CBK – Lontan nou te pèdi, nou te nan fènwa

39 CBK – Lontan nou te pèdi, nou te nan fènwa

1

Lontan nou te pèdi, nou te nan fènwa

Nou tap viv byen lwen Bondye

Men Bondye voye Jezi mouri

Pou nou te kapab sove

Kounyè a nan Jezi

Wi lavi nou chanje

Nou vini pitit Bondye

Menm jan ak Bondye nou se limyè

Annou mache nan limyè.

Mache, mache nap mache

Mache nan limyè Bondye

Mache, mache nap mache

Nou pap dòmi nape mache

Nan limyè Bondye.

2

Tout moun ki vle mache nan limyè Bondye

Bezwen fè Bondye plezi

Wi mennen yon vi ki sanntifye

Pou chase tout vye dezi

Annou viv nan lanmou

Annou renmen frè nou

Rete nan pawòl Bondye

Menm jan ak Bondye nou se limyè

Annou mache nan limyè.

3

Genyen anpil richès pou nou nan syèl la

Kote nou pral rekòlte

Eritaj Bondye sere pou nou

Annou dil mèsi chak jou

Pou jan li kenbe nou

Pou jan li gide nou

Nan pye li nou vle rete

Menm jan ak Bondye nou se limyè

Annou mache nan limyè.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!