No menu items!
HomeLes Cantiques De Béraca Kreyòl37 CBK – Bondye, Bondye, je nou sou ou

37 CBK – Bondye, Bondye, je nou sou ou

1

Bondye, Bondye, je nou sou ou

Nan ou nou jwenn fòs ak sekou

Se ou menm ki tout pwoteksyon nou

se ou menm kape veye sou nou

Nou se pitit Bondye

Menm si nou boulvèse

Nou konnen ak Bondye

Nou asire menm si gen danje.

Bondye, wape gide nou

Bondye ou se defans nou

Ou leve n byen wo

Devan tout lènmi n yo

Bondye je n fikse sou ou

Bondye pa gen tankou ou

Ou leve n byen wo

Devan tout lènmi n yo.

2

Bondye san ou nou pa anyen

Ou pa renmen lè nap plenyen

Wi konfyans nou se nan ou li ye

Se ouk toujou delivre nou

Lè se ou kap aji

Kè nou ape souri

Nou vle toujou chante

Ou merite tout glwa, o Bondye!

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!