No menu items!
HomeRéveillons-Nous Kreyòl36 RNK – Fòk mwen di ou ki kote Kris te pranm

36 RNK – Fòk mwen di ou ki kote Kris te pranm

1

Fòk mwen di ou ki kote Kris te pranm;

Pouw pa konprann mwen te fèt moun debyen;

Mwen tap neye nan peche lwen Bondye.

Lanmou Jezi fè mwen gras, li chwazim.

Refren

Mwen pa konnen poukisa Kris renmenm

Sèlman mwen wè laglwa li kouvri mwen

Li plen kè sen yo ak lanmou pou mwen

Mwen san pwoblèm, Kris regle tout afèm.

2

Dyab la renmen mwen pase tout pechè

Yon fwal te vin poul degize lavim

Nan feblès mwen, li tap fèm kriminèl,

Jezi sovem sa se yon gran mistè.

3

Se nan fatra Kris te pranm, li lavem,

Li vin mete mwen pami moun sove.

Eskem pa dwe renmen bon Sovè sa a?

Anverite, viv pou Kris ou mouri!

4

Gen yon lòt bagay ki fèm kontan tout tan

Se lèm sonje mwen pa moun isiba,

Peyi pa mwen se nan syèl kot Bondye,

Mwen opilan, Sovèm pral vin chachem.

5

Zanmi mwen yo se pa blag map ban nou,

Se temwanyaj sa Jezi fè pou mwen

Eske ou ta vle gen yon plas nan syèl la?

Vin bay Kris kè ou wa temwanye non Li.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!