No menu items!
HomeChants D’esperance Kreyòl36 CDK – Bèje mwen se yon Wa damou

36 CDK – Bèje mwen se yon Wa damou

1

Bèje mwen se yon Wa damou

Bonte li pap janm fini.

Si se li menm ki Sovè mwen,

Mwen pap janm manke anyen.

Kote dlo a koule pi fre,

Se la li va kondui mwen,

E, se kote zèb yo pi bèl

Li mete patiraj mwen.

2

Mwen te fou, lè mwen te kitel,

Men, li menm lale chachem;

E, sou zepòl li, li potem

M byen kontan, ak li m tounen.

3

Menm si mwen wè lanmò an fas,

Mwen pape pè yon ti kras.

Gran baton ou ap pwotejem

Kwa ou devan ap gidem.

4

Ou ranje yon si bèl kouvè

Pou mwen devan tout lènmim,

Ou ban mwen manje, ou banm bwè

Ou satisfè tout bezwen mwen.

5

Nenpòt kisa ki ka rive,

Jiska lafen map swiv ou;

Epi nan syèl la ma chante

Gras ou ki pap janm fini.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!