No menu items!
HomeLes Cantiques De Béraca Kreyòl36 CBK – Se wayòm Bondye pou nou ape chache

36 CBK – Se wayòm Bondye pou nou ape chache

1

Se wayòm Bondye pou nou ape chache

Se li pou nou mete an premye

Nou dwe viv jan Bondye mande

Mete konfyans nan li,

Kite li dirije lavi nou (5 liy, 2 fwa)

Annou pa chaje tèt nou

Pou manje nou vle manje

Menm pou sa nou gen bezwen,

Pou nou abiye

Annou pa chaje tèt nou

Pou kote nou pral rete

Kite Bondye deside pou nou.

2

Chak jou nou bezwen reyalize,

Gwo richès pa kapab sove nou

Nap mete Bondye an premye

Nou ba li tout kè nou,

Nou remèt Bondye tout lavi nou (5 liy, 2 fwa)

Lè tantasyon yo vini

Annou fè Bondye plezi

Wi soumèt nou devan li,

Se li nou chwazi

Se pou li nou egziste.

Mande li tout sa nou vle

Bondye mèt fè sa li vle pou nou.

3

Tout moun ki vle mache ak Bondye

Pa ka sèvi 2 mèt an menm tan

Chwazi Bondye ou byen satan

Chwazi Bondye avan,

Ou mèt kontan ou chwazi lavi (5 liy, 2 fwa)

Se Bondye nou vle sèvi

Se Bondye nap glorifye

Li konnen tout sa nou vle,

Se li nou chwazi

Se Bondye kap gouvène

Kote li nou vle rete

Demen nou va rekòlte gras li.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!