No menu items!
HomeRéveillons-Nous Chrétiens Kreyòl35 RCK – Gen yon jou mwen pap janm bliye

35 RCK – Gen yon jou mwen pap janm bliye

1

Gen yon jou mwen pap janm bliye

Wi yon jou mwen pap janm bliye

Se jou lèm te rankontre ak Sovè a

Li te padone pechem

Lajwa te ranpli nanm mwen

Se yon jou wi yon jou mwen pap janm bliye.

Menm sim ta gen dimil ane

Poum chante louwanj pou ou Bondye

Mwen reyalize tout sa pa tap janm sifi

Poum di tout sa ou ye pou mwen.

2

Gen yon jou mwen pap janm bliye

Wi yon jou mwen pap janm bliye

Se lè Jezikri te mete men sou mwen

Tout tristès mwen yo ale,

Lavi mwen te vini chanje

Se yon jou wi yon jou mwen pap janm bliye.

3

Pou tout sa Jezi fè pou mwen

Pou tout sa li pase pou mwen

M pa konprann kòman

Sovè a fè renmen mwen konsa

Lanmou li genyen pou mwen menm

Lapè li mete nan kè mwen

Pou tou sa, wi tou sa m pa ka janm bliye.

4

Gen yon bagay mwen pa ka konprann

Yon bagay mwen pa fin konprann

Kòman Sovè a fè renmen mwen konsa

Mwen te yon pechè kondane

Men kounyè a mwen libere

Mwen ka di ou kounyè a

Mwen se yon nonm ere.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!