No menu items!
HomeMélodies Joyeuses Kreyòl35 MJK – Pawòl Bondye ban nou limyè

35 MJK – Pawòl Bondye ban nou limyè

1

Pawòl Bondye ban nou limyè

Pou klere tout chemen nou;

Lèm aksepte li kòm Senyè

Limyè a klere tout kèm.

Map sere pawòl ou nan kèm

Pou mwen pa fè peche kont ou,

Pou mwen pa peche (2 fwa)

Map sere pawòl ou nan kèm.

2

Pawòl ou, Senyè, se sèten,

Li pa gen dwa janm fayi;

Fidelite ou toujou menm,

Se sous ki vrèman jayi.

3

Chak maten, midi ak aswè

Map di: Mèsi, chè Senyè;

Paske ou se yon bon Sovè,

Nan sèvis ou map sensè.

4

Pawòl ou ban nou asirans

Jezikri va retounen.

E nou va chanje aparans;

Avèk Jezi na rete.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!