No menu items!
HomeChants D’esperance Kreyòl35 CDK – Kè mwen ap chante kantik chak jou

35 CDK – Kè mwen ap chante kantik chak jou

1

Kè mwen ap chante kantik chak jou

Paske Jezi pa pi lwen;

Li di mwen konsa: mwen avèk ou,

Ou pa gen dwa pè anyen.

Jezi, Jezi, Jezi,

Nonk pi dous pou mwen,

Map chante amou li.

Kèm kontan, m pa pè anyen.

2

Mwen pa te manke konn fè rebèl

Kont tout pasyans Jezikri;

Jodiya mwen genyen asirans,

Se nan plas mwenl te mouri.

3

Ala yon amou ki fè li vle

Padone tout peche mwen!

O, Senyè, fèm rayi tout peche,

Devan ou pou mwen mache.

4

Yon jou la vini pou resevwam

Nan kay, nan si bèl syèl la.

Ma kite tè sa a ak yon gran jwa;

Ma wè li anwo jou sa a.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!