No menu items!
HomeRéveillons-Nous Kreyòl30 RNK – Genyen yon bon papa

30 RNK – Genyen yon bon papa

1

Genyen yon bon papa

Ki ka fè nenpòt mirak

Li konn geri malad

Li konnen sove nanm yo

Li konn chase tristès

E li resisite mò

Li padone peche

Nan pwen mirak li pa fè.

Refren

Wi Jezi Sovè a

Li ka fè tout mirak

Li konn geri malad

Li konnen chase demon

A a! Jezi Sovè a

Konn leve menm moun mouri

Menm tanpèt avèk van

Li genyen pouvwa sou yo.

2

Yon jou li tap mache,

Li rankontre dis lepre

Men lè yo wè Jezi, yo rele:

Pitye pou nou!

Men yo te panse

Moun te ka lapide yo

Menm lè a kèl touchel,

Li gen konpasyon pou yo

Li geri yo menm lè,

E yo vini pirifye.

3

Yon joul te sou lanmè

Avèk kèk nan disip yo

Yon tanpèt te leve,

Bak la prèt poul chavire

Li leve menl anlè,

Li di van an fè silans

Van an te obeyi li

E lanmè a te kalme.

4

Yon jou yo te mennen ba li

Yon fanm adiltè

Men yo te panse

Li ta pral lapide fanm nan

Lè li gade fanm nan

Li genyen pitye pou li

Li dil li mèt ale

Men pa fè peche ankò.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!