No menu items!
HomeEcho Des Elus Kreyòl30 EEK – Senyè tanpri souple

30 EEK – Senyè tanpri souple

1

Senyè tanpri souple,

Koute vwa pitit ou

Tande kri kè mwen non

Mwen priye ou

Tantasyon, chatiman

Wi tout sa nesesè

Men tanpri souple

Kenbe men mwen.

Gen de lè mwen santim

Konn vle dekouraje

Lè feblès anvayi lespri mwen

Kenbe men mwen souple,

Pa kite mwen tonbe

Si se ou ki kenbem fòm rive.

2

Loraj, gwo van, tanpèt,

Vle detounen kè mwen

E souvan eprèv yo di anpil

Men mwen konfyem nan ou,

Em konnenm asire.

3

Mete fòs ou Senyè

Nan feblès mwen souple

Ede mwen, edem poum pa tonbe

Mwen remèt nan men ou,

Kè mwen, kò mwen, nanm mwen

Si se ou ki kenbem ma rive.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!