No menu items!
HomeLa Voix Du Réveil Kreyòl3 VRK – Nan Bib la yo rakonte

3 VRK – Nan Bib la yo rakonte

1

Nan Bib la yo rakonte

Istwa yon pwofèt Bondye

Te voye nan yon vil tou plen peche;

Moun la yo pat ko tande

Pale de lagras Bondye

Men pwofèt la pat gen kouraj pou ale.

O laba! Wi laba! Lè mwen rive nan syèl la!

Li va rakontem tou sa, wi laba!

Nan peyi Alelouya!

Map pran men Jonas apa

E la rakontem tou sa, wi laba!

2

O! Bondye voye Jonas

Preche Niniv repantans,

Men Tasis li vle ale nan yon bato;

Men van an te vante byen fò

Li pat kapab ret abò,

Se nan vant pwason an li sonje priye.

3

Nan mitan yon gran lanmè

Dlo nan je, lap lapriyè,

Men pwason rejte Jonas sou rivaj;

Avèk jwa lale touswit

Preche Niniv jou e nwit

Dezobeyisans fini e li vin saj.

4

Lè Jonas pale konsa

Wa Niniv la repanti

Li mande pou tout pèp la fè yon jèn

Pèp Niniv yo konvèti,

ti nan tròn la

Granmoun, timoun, jèn kon vye

Fòs la nan men Letènèl, wi laba.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!