No menu items!
HomeHaiti Chante Avec Radio Lumière Kreyòl29 HCK – Menm jan moun nan tan lontan

29 HCK – Menm jan moun nan tan lontan

1

Menm jan moun nan tan lontan

Wè zetwal an Noryan;

Jan limyè fè yo rejwi

Grasa li yo te rive;

Konsa Senyè fè kè nou

Kapab rive jwenn ou tou.

2

Menm jan pye yo te mache

Kote Jezi te kouche,

Yo te mete ajenou

Pou adore Senyè nou;

Konsa fè pye nou kouri,

Chache sekou Jezikri.

3

Menm jan yo ofri kado

Bay Jezi nan yon bèso;

Menm jan an tou nou menm kretyen

Ak yon kè pwòp e sensè

Ann konsakre lavi nou

Bay Jezi Wa pou toujou.

4

Dirije nou pazapa

Senyè, nan wout etwat la;

Lè lavi nou va fini

Wap pran nou ak ou, kote

Anyen pap anpeche nou

Wè laglwa ou pou tout tan.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!