No menu items!
HomeRéveillons-Nous Kreyòl28 RNK – Pawòl Bondye di nou

28 RNK – Pawòl Bondye di nou

1

Pawòl Bondye di nou:

Lè Kris prèt poul vini

Lanmou va refwadi;

Anpil fwa va branle

Peche va ogmante,

Lè syèk la pral fini,

Malgre sa, pechè pa

Janm repanti.

Refren

Jezi ap vin maten,

Midi ou a minwi

Tout mò ki nan Kris yo

Va tande twonpèt la

Yo va resisite

Pou yo ale nan syèl,

Kotek pap gen lanmò,

Se viv tout tan.

2

Traka isiba yo

Ranpli kè nou ak krent,

Jouk tan nou fin bliye

Tout byenfè Bondye yo

Imilye nou poun

Sòti anba chatiman,

Fòk nou kretyen

Pou nou vin pèleren.

3

Eprèv yo va fini

Lè nou monte anwo

Nou va jwaye tout tan

Lè nou ale nan syèl

Na bliye tout sousi,

Na di lemonn adye

Pou nale jwi bonè

Ki pap fini.

4

Nou tout te kondane,

Jezi fè nou pwomès

Si nou vle kenbe li,

Na va jwenn delivrans

Pwomès la akonpli

Sou lakwa Kalvè a

Nou di mèsi Senyè

Pou lanmou li.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!