No menu items!
HomeEcho Des Elus Kreyòl28 EEK – Mwen pa kapab bliye ki kotem te ye

28 EEK – Mwen pa kapab bliye ki kotem te ye

1

Mwen pa kapab bliye ki kotem te ye

Lè Jezi te jwenn mwen, lavim te chanje

Se pou sa map chante paske li sovem

Si satan vle barem ma va rele Jezi.

Jezi va woule wòch la

Ki vin barem nan mòn nan (3 fwa)

Em konnen yon jou sa va chanje.

2

Mwen pa ka janm bliye kijan sa te ye

Lesprim te boulvèse paskem te mare

Lèm vin jwenn Jezikri tout bagay chanje

Wòch la te mèt barem Jezi va delivrem.

3

Pafwam konn ap kriye devan pwoblèm yo

Mwen desann sou jenou map rele Jezi

Mwen tande vwa Jezi kap pale avèm

Li di mwen pran kouraj tout bagay va chanje.

4

Si ou santi ou tris e dekouraje

Ou leve wap kriye ou pa gen espwa

Vini jwenn Jezikri la konsole ou

Wi se li menm ki di: li va woule wòch la.

5

Ou te mèt òfelen ou pa gen sekou

Ou te mèt meprize ou pa gen zanmi

Siw se zanmi Jezi ou gen tout bagay

Laviw te mèt tou nwa, yon jou sa va chanje.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!