No menu items!
HomeChants D’esperance Kreyòl28 CDK – Lanmou Bondye pi gran pase

28 CDK – Lanmou Bondye pi gran pase

1

Lanmou Bondye pi gran pase

Tout sa lang moun ak zanj ka di;

Lale pi lwen pase zetwal,

Li jwenn moun ki te fin pèdi.

Pitit Bondye chache moun ki

Nan lapenn ak peche;

Si yo rekonèt peche yo,

Li prèt pou padone.

Lanmou Bondye li rich, li pi;

Li san mezi, li fò;

Lanmou sa a dire tout tan,

Se kantik tout zanj yo.

2

Lè tout jou ak lane pase,

Lè tout twòn, tout wa fin tonbe;

Lè moun ki pa priye jodi

Va chache mwayen pou sove.

Lanmou Bondye va la toujou,

La san mezi, la fò;

La fòs Bondye pou sove nou,

La kantik tout zanj yo.

3

Si tout dlo lanmè te ka lank

Si tout syèl la te ka papye

Si tout bwa sou latè te plim,

E tout moun te kapab ekri;

Pou yo ekri lanmou Bondye

Lanmè ta fin seche

E syèl la pa ta ka kenbe

Tout zèv lanmoul te fè.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!