No menu items!
HomeL’Ombre Du Réveil Kreyòl27 ORK – Mwen te twouvem yon jou nan yon wout difisil

27 ORK – Mwen te twouvem yon jou nan yon wout difisil

1

Mwen te twouvem yon jou nan yon wout difisil

Mwen tap mande ki kote mwen prale

Mwen tande yon vwa dous

Kap relem vin jwenn li

Depi lè sa mwen konnenm asire.

Poum antre Kanaran nan bèl vil selès la

Fòm aksepte soufri avèk lafwa

Nan dezè a m konnen fòk genyen dlo nan je

Map rete fidèl, fòm wè Sovè a.

2

Si gen grangou, lapèn ak mizè tèt chaje

Map leve jem gade bon Sovè a

Mwen desidem tout bon fòk mwen rive laba

Kote mèt mwen pral banm vrè rekonpans.

3

Sa gen lontan depi map soufri sou wout la

Magre traka mwen kwè mava rive

Mwen tande vwa Jezi

Kap di mwen pran kouraj

Lè ma rive ma bliye tout mizè.

4

Nan dezè a m konnen fòk gen dezolasyon

Fòk gen traka, tristès ak tèt chaje

Men malgre tou, m konnen

Map wè vil Kanaran

Kote zanj yo ak Kris pral dim bravo.

5

Zanmi mwen si nou vle poun wè vil Kanaran

Fòn bay Jezi direksyon lavi nou

Pa pè pa krent menm si

Wout la parèt fènwa

Genyen yon jou tout bagay va fini.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!