No menu items!
HomeChants D’esperance Kreyòl27 CDK – Senyè Bondye ki papa nou

27 CDK – Senyè Bondye ki papa nou

1

Senyè Bondye ki papa nou

Ki renmen tout moun tou,

Padone nou pou peche nou,

Chanje lavi nou nèt ale

Fè nou pi sanble ou.

2

Ede nou montre yon lafwa,

Kon moun yo ak lajwa,

Ki nan Galile te swiv vwa

Jezi, lèl ofri yo yon chwa:

Lafwa oubyen lalwa.

3

Lage sou nou yon lawouze,

Gras Bondye pou kalme

Nanm tout moun sa yo ki twouble;

E ba yo tout trankilite,

Ak bon jan kè poze.

4

Wete nan nou move dezi,

Ki pa fè ou plezi,

Ban nou frechè nou ka santi

Nan kè nou, e pale ak nou

Ak vwa Sentespri a.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!