No menu items!
HomeRéveillons-Nous Chrétiens Kreyòl26 RCK – Senyè Konbyen tan ankò poun pase

26 RCK – Senyè Konbyen tan ankò poun pase

1

Senyè Konbyen tan ankò poun pase

Pou mande sekou?

Konbyen tan nou dwe rele nan zòrèy ou?

Vini pou sove nou.

Jiskilè nap sispann wè mechanste yo?

Kijan ou rete ap gade yo?

Toupatou se goumen youn pa vle wè lòt.

Mechan yo vle kraze tout pitit ou yo Senyè.

2

Senyè, mechan yo kanpe toupatou

Vini pou delivre n

Yap brize, yap detwi tout pitit ou yo

Ou pa wèn antrave.

3

Senyè a pral met fen nan soufrans yo

Lenjistis va kaba

Piyajè, fo pwofèt ki nan tenèb yo

Yo tout va jije.

4

Konbatan, sòlda, tout manm legliz yo

Wi nou pral delivre

Senyè a gen poul parèt nan laglwa li

Ranje kòw, lap vini.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!