No menu items!
HomeMélodies Joyeuses Kreyòl26 MJK – Men yon bèl ti nouvèl

26 MJK – Men yon bèl ti nouvèl

1

Men yon bèl ti nouvèl

Ki sot nan syèl

Pechè, Jezi rele ou, leve je ou.

Ou mèt kouvri ak mizè,

Peche mèt degize ou

Vin jwenn Jezi, frè mwen,

Vini jwenn Li!

2

Jezi pitit Bondye

Mouri pou nou;

Li montre n lanmou Li

Sou bwa Kalvè.

Vin met tout konfyans ou

Nan san ki ka lave

Tout kè ki plen peche.

Vin jwenn Jezi!

3

Lè Jezi lave ou

Avèk san Li

Li delivre ou nèt nan men satan,

Peche pa gen pisans

Nan kè ou kòm avan

Lespri sanktifye ou,

Vini jwen Li.

4

Vini kounye a menm,

Pinga ou rete

Li va delivre ou si ou vini

Siw kwè nan Jezikri,

Peche ou ap efase

E na chante ansanm

Glwa pou Jezi.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!