No menu items!
HomeGloire A L’Agneau Kreyòl25 GAK – Byen pre pa lakay

25 GAK – Byen pre pa lakay

1

Byen pre pa lakay

Menm siw wèw prèske rive

Byen pre pa lakay

Menm siw wè vil la devan ou

Byen pre pa lakay

Menm si pwoblèm yo rezoud

Byen pre pa lakay

Ou pa bezwen triyonfe.

2

Gen kèk gwo kretyen

Ki la lontan nan legliz

Yo tèlman ansyen

Yo kwè yo konn tout bagay

Yo chita chita yo, yo pa janm fè pwogrè

Lè moun egzòte yo,

Yo di se ansyen yo ye.

3

Gen kèk gwo kretyen

Ki gen senkantan legliz

Yo nan tout pwogram,

Kote misyon ye yo la

Lè yo vin legliz yo toujou pran plas devan

Men si yon frè pile yo,

Yo fache pou yo mouri.

4

Gen kèk gwo levit ki vin tou cho nan legliz

Yo zanmi pastè, yo zanmi predikatè

Yo bay gwo lajan yo nan tout aktivite

Men yo pa janm chanje

Paske yo pa janm sove.

5

Sonje lè Moyiz te fin delivre pèp la

Li tape mache men nan men ak Letènèl

Li rive sou wout li pat obeyi Bondye

Moyiz wè Kanaan men li pat antre ladanl.

6

Gen anpil kretyen

Ki ranpli avèk lògèy

Yo toujou panse

Yo pi bon pase tout moun

Lè yo jwenn ak ou

Yo prèske pa ka salyew

Men devan Letènèl

Tout kretyen gen menm valè.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!