No menu items!
HomeChants D’esperance Kreyòl25 CDK – Te gen katrevendiznèf mouton yo

25 CDK – Te gen katrevendiznèf mouton yo

1

Te gen katrevendiznèf mouton yo

Byen gade nan pak la;

Men gen yonn ki te pèdi nan mòn yo,

Lwen kay kap pwotejel;

Lwen, lwen nan mòn sovaj e san non yo

Byen lwen swen bon Bèje ki renmen li,

Byen lwen swen bon Bèje ki renmen li.

2

Senyè, men ou gen katrevendiznèf,

Sa pa ase pou ou?

Men Bèje a te reponn: mouton pam

Te egare lwen mwen.

Menm si chemen an di anpil, anpil,

Male nan dezè pou jwenn mouton mwen,

Male nan dezè pou jwenn mouton mwen.

3

Pa yonn nan rachte yo pa janm konprann

Jan dlo a gen danje,

Nan nwit lè Mèt la tap travèsel,

Pou jwenn mouton pèdi.

Lwen nan dezè a, li tandel kriye,

Malad, san sekou, li prèt pou mouri,

Malad, san sekou, li prèt pou mouri.

4

Senyè, pouki gen tach san toupatou

Nan tout wout nan mòn yo?

San sa a te vèse pou yon mouton

Ki te pèdi byen lwen.

Senyè, pouki ou blese nan men?

Aswè a anpil pikan pike menm!

Aswè a anpil pikan pike menm!

5

Toupatou nan mòn anba gwo loraj,

Epi nan chemen wòch,

Yo tande yon rèl sot jouk nan syèl la:

Ann rejwi, mwen jwenn li.

Zanj yo repete devan twòn Bondye:

«Ann rejwi Senyè a jwenn mouton an.

Ann rejwi Senyè a jwenn mouton an.»

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!