No menu items!
HomeEcho Des Elus Kreyòl24 EEK – Mwen reve male nan yon site

24 EEK – Mwen reve male nan yon site

1

Mwen reve male nan yon site

Site kote pap gen lannwit

Mwen te wè zanj yo briye nan glwa yo

Mwen te wè bèl palè kristal la

Mwen te ka wè ansyen frè mwen yo

Mwen te wè lame selès Kris la

Men sa ki te pi bèl nan vizyon an

Mwen reve m twouve syèl la pou ou.

Mwen reve m twouve syèl la pou ou

O wi m twouve syèl la pou ou

Eskew vle preparew

Pou rankontrem la

Mwen reve m twouve syèl la pou ou.

2

Mwen te wè Kris nan bèl wayòm li

Mwen te wè rachte yo avèk li

Mwen te wè redanmtè beni mwen an

Ki te bay vi li pou sove mwen

Tout sen yo tap chante yon bèl kantik

Yo tap bay Bondye glwa chak moman

Mwen te kontan poum kontanple sen yo

Mwen reve m twouve syèl la pou ou.

3

E ou menm ki kote ou vle ale

Eske ou vle ale nan site sa a

Kris ap tann ou de bra li louvri

Li vle fè yon plas anwo pou ou

Yon jou ou ka vle konvèti men elas!

Li kapab byen twò ta pou ou jou sa a

Zanmi èske ou vle tande vwa li

Li vle louvri pòt syèl la pou ou.

RELATED ARTICLES

1 COMMENT

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!