No menu items!
HomeHaiti Chante Avec Radio Lumière Kreyòl22 HCK – Bondye renmen yon pechè tankou mwen

22 HCK – Bondye renmen yon pechè tankou mwen

1

Bondye renmen yon pechè tankou mwen,

Li pran tristès mwen, li fè kèm kontan,

Li banm plas toupre kote li rete,

Ala yon lanmou mèvèye!

Lanmou, si mèvèye; lanmou, si mèvèye,

Bondye renmen yon pechè tankou mwen,

Nanpwen yon lòt lanmou konsa.

2

Pou plan sa a Jezi te byen dispoze,

Malgre sa te vle di fòk li mouri,

Li obeyi papal san ezite,

Ala yon lanmou enfini.

3

Nan plan redanmsyon li Bondye achte

Yon esklav initil; se sam te ye.

Sovè a mouri, san li te vèse

Pou sove yon vakabon rebèl.

4

Li resevwam pito kòm yon pitit,

Li pa mete mwen nan ran sèvitè;

Nan gras li papam anbrasem touswit,

Lèm chache padon li ak tout kè.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!