No menu items!
HomeRéveillons-Nous Kreyòl21 RNK – Kè mwen boulvèse anba kòlè Bondye

21 RNK – Kè mwen boulvèse anba kòlè Bondye

1

Kè mwen boulvèse anba kòlè Bondye,

Anvi monn lan trennenm nan bafon peche

Senyè pou yon pòv mizerab, gen pitye,

Touswit li vin sekourim kotem te ye.

Li retirem nan labou peche

Li mete pyem sou tè fèm se vre,

Li fè kèm rejwi e map chante

Yon chan, glwaradye! Alelouya!

2

Li te metem sou tè fèm bò kote li

Pye mwen vin asire nan chemen lavi,

Nanpwen danje ankò, li kenbem debou

Map mache pazapa avèk li toujou.

3

Li mete yon chan louwanj anndan kè mwen,

Lannwit kou lajounen, se li map chante,

Kè mwen ap debòde,

Nanm mwen delivre,

Tout glwa pou Redanmtè Senyè Jezikri.

4

Map chante gran mizèrikòd li pou mwen

Map vle selebre jouktan tout moun konnen

Nanpwen lòt sovè pou lèzòm jodi a

Vin chache sekou li anvan li twò ta.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!