No menu items!
HomeChants D’esperance Kreyòl20 CDK – Yon jou ma sispann chantem yo

20 CDK – Yon jou ma sispann chantem yo

1

Yon jou ma sispann chantem yo

Vwa ma rete sanl pa chante;

Men ak sen ki nan laglwa yo

Nanm mwen va kontan poul mele.

Ma va wè li menm jan li ye,

Jezi Sovèm, pitit Bondye. (2 liy, 2 fwa)

2

Yon jou fòk kanmenm mwen kite

Abitasyonm sou latè a,

Men pòt abitasyon Bondye

Va louvri pou mwen jou sa a.

3

Yon jou fènwa va kouvri mwen,

Solèy va kouche pou toujou;

Men anwo Jezi va pran mwen,

Pap gen fènwa, tout tan se jou.

4

Fòl vini jou laglwa sa a,

Se li ki asirans kè mwen,

Senyè, kenbem pare pou sa,

Nan ou m mete tout konfyans mwen.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!