No menu items!
HomeLa Voix Du Réveil Kreyòl2 VRK – Se sou mòn Gòlgota

2 VRK – Se sou mòn Gòlgota

1

Se sou mòn Gòlgota,

Yo te plante yon kwa,

Kote brigan te gen pou mouri.

Men se sou menm kwa sa a,

Kris te mouri pou mwen,

Poum kapab pataje tout glwa li.

Yo te klouwe Jezi sou lakwa;

E se la li te mouri pou mwen.

Mape viv pou glwa li sou tè sa a

E yon jou ma va wè li nan syèl.

2

Pou tout sak te rive,

Sou lakwa nan jou sa a,

Mwen va toujou gen rekonesans;

Paske sa Jezi fè,

Li te fèl nan plas mwen,

Pou ban mwen lavi annabondans.

3

Kòm yo touye Jezi,

Ki se pitit Bondye,

Yo pa vle wè kretyen yo nonplis.

Men mwen pito swiv Li

Nan tout sa kap rive,

Pase tout sam ta jwenn sou tè sa a.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!