No menu items!
HomeRéveillons-Nous Chrétiens Kreyòl2 RCK – Lèn rete nap gade

2 RCK – Lèn rete nap gade

1

Lèn rete nap gade

Nou wè tout bagay tounen dèyè

Menm latè revòlte

Nou wè menm solèy la vin pi cho

Lèn gade nan legliz

Rayisman vle ranplase lanmou

Nape rele Bondye poun mandel

Ki kote sa prale.

Vini, vini non Senyè Jezi

Vini, vini se ou nape tann

Vini, vini non Senyè Jezi

Vini, vini nou pa ka rete

Vini, vini non Senyè Jezi

Vini, vini se ou nape tann

Vini, vini non Senyè Jezi

Vini, vini nou prale avèw.

2

Nap viv nan yon moman

Nou wè pwofesi yo ap akonpli

Pitit pa konn manman

Nou wè papa pa vle wè pitit

Manman avèk papa

Pa gen pouvwa sou pitit ankò

Tout moun fè sa yo vle,

Pa gen pèson ki ka kòmande.

3

Ala bèl sa va bèl

Se lè na wè nou kite tè sa a

Pou nou monte nan syèl

Pou nal rejwi avèk papa nou

Wi sa va mèvèye

Se lè na wèn nan pye Senyè a

Lè sa a nou va bliye

Tout traka n te pase sou tè sa a.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!