No menu items!
HomeHaiti Chante Avec Radio Lumière Kreyòl19 HCK – Byen lwen nan lòt peyi yo

19 HCK – Byen lwen nan lòt peyi yo

1

Byen lwen nan lòt peyi yo,

Anpil moun dezespere

Paske kè yo tris, byen lou ak chaj peche.

Men, yap kriye, yap rele

Pou yon moun vin soulaje

Nanm yo ki twouble e ki pèsekite.

Pèsòn pa vle pran ka mwen

Milyon ap kriye,

Pèsòn pa vle pran ka mwen,

Tande plenn yo!

Eske ou vle bay lavi ou pou al preche

Pou yo ka jwenn Jezi pou yo ka sove.

2

Moun sa yo tankou avèg

Yap mache, men yo pa wè

Yap adore zidòl, yo pa konn Bondye.

Eske ou ap kite yo

Mouri san okenn limyè,

San yo pa konnen gen espwa nan Bondye?

3

Senyè, mwen gentan tande

Tout kri moun yo ki pèdi,

Mwen ba ou lavim, map chache yo patou.

Voye mwen nenpòt kote

Menm sim peye nenpòt pri,

Mwen vle al di yo:

Jezi vle pran ka nou.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!