No menu items!
HomeLes Cantiques De Béraca Kreyòl19 CBK – Lè okenn moun pa pran kam

19 CBK – Lè okenn moun pa pran kam

1

Lè okenn moun pa pran kam

Men yo pito palem mal

Lè moun ou kwè pa pran tan

Pou di gadem vle edew

Lè chay yo twò lou pou mwen

M santim pa ta viv ankò

Mwen santi yon bra nan kou mwen

Ak yon vwa byen dous ki di:

Apiye sou mwen

Lèw pa gen fòs pouw kanpe

Lè pwoblèm lavi mal mennenw.

Mèt lagew nèt sou mwen

Apiyew sou mwen

Lèw santi zòt blese kèw

Lè tout moun lagew, mwen rete avèw

Wa konprann mwen se tout saw bezwen.

2

Lè wout la tanmen difisil

Lè chemen an glise

M santim pa ka kontinye

Tou de janm mwen yo vin fèb

Mwen leve jem poum gade

Yon moun lonje men ban mwen

Mwen wè se sovèm Jezikri

Vwa dous li a repete.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!