No menu items!
HomeHaiti Chante Avec Radio Lumière Kreyòl18 HCK – Vini jwenn mwen moun fatige

18 HCK – Vini jwenn mwen moun fatige

1

Vini jwenn mwen, moun fatige,

Vini, ma fè nou repoze;

Ma fè fado nou yo ale

Paske mwen dou, mwen gen kè sansib.

Si nou anba fatig ak fado,

Map ban nou vrè repo.

Nou ki chaje, boulvèse, fatige,

Vin jwenn mwen;

Vini, pran leson nan men mwen

Jouk pam nan dous, fado pam nan lejè,

Vin jwenn mwen e ma ba ou repo.

2

Moun ki anba fado peche

Vin resevwa lajwa, lapè;

Ma leve fado sou kè ou,

Ma fè nou jwenn padon pou toujou,

Ma fè nou jwenn padon pou toujou,

Ma ban nou vrè repo.

3

Avèk tandrès Sovèm plede,

Moun pa li lape pwoteje,

Toujou lap rele vin jwenn mwen,

E ma fè nanm pa nou repoze,

E ma fè nanm pa nou repoze,

Ma ban nou vrè repo.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!