No menu items!
HomeMélodies Joyeuses Kreyòl17 MJK – Wout lavi se kon yon chemen

17 MJK – Wout lavi se kon yon chemen

1

Wout lavi se kon yon chemen,

Ladann gen anpil danje;

Li di anpil, e li fènwa,

Gen labou, li byen glise.

Fòk nou veye nan chak moman,

Si nou vle fè chemen sa a,

Se poun jwenn

Yon moun kondui nou,

Epi swiv li pazapa.

O Bon Sovè, vin kondui mwen!

Fè mwen rive jouk lòtbò

Kote zanj yo ap chante non ou,

E mwen pap tounen ankò.

2

Nap monte epi nap desann,

Gen falèz agoch, adwat,

Mòn nan rèd, e wout la glise,

Li apik epi etwat.

Fòn bay gid la kenbe men nou,

Si nou vle fè chemen sa a;

Se poun fikse je nou sou Li,

Epi swiv Li pazapa.

3

Gen lòt wout ki laj e ki bèl,

Men yo pa ka fèn rive

Lòtbò mòn nan avèk Jezi,

Kote zanj yo ap chante.

O Jezi, pa kitem tonbe

Ni bwonche nan chemen sa a!

Men kenbem pi pre ou toujou,

Mape swiv ou pazapa.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!