No menu items!
HomeChants D’esperance Kreyòl17 CDK – Mwen byen kontan papa mwen nan syèl la

17 CDK – Mwen byen kontan papa mwen nan syèl la

1

Mwen byen kontan papa mwen nan syèl la

Pale nan liv li poul dim li renmenm.

Nan Pawòl li, m jwenn anpil bèl bagay;

Sa ki pi bèl, sèke Jezi renmenm.

Ala m kontan, m wè Jezi renmenm,

Jezi renmenm, Jezi renmenm;

Ala m kontan, m wè Jezi renmenm

Jezi renmenm tout tan.

2

Menm si mwen bliyel, mwen pèdi chemen

Nenpòt ki kote male, li renmenm.

Lakay li, nan bra li, mwen va tounen,

Lè ma sonje kijan Jezi renmenm.

3

Jezi renmenm, mwen konnen m renmenl tou,

Se amou li ki fèl te vin rachtem.

Se amou li ki te fèl mouri tou;

Se poutèt sa m sèten Jezi renmenm.

4

Si moun ta mandem kòman m fè konn sa

Glwa pou Jezi, mwen konnen sa trè byen.

Sentespri Bondye pale nan kè mwen

Pou temwanye kijan Jezi renmenm.

5

Lèm rive nan syèl la, nan bonte li;

Si se yon sèl chan mwen kapab chante,

Men chan map chante pou letènite:

Jezi renmenm, son bagay mèvèye.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!