No menu items!
HomeLa Voix Du Réveil Kreyòl16 VRK – Kè mwen boulvèse anba kòlè Bondye

16 VRK – Kè mwen boulvèse anba kòlè Bondye

1

Kè mwen boulvèse anba kòlè Bondye,

Anvi lemonn trennenm nan bafon peche

Senyè, pou yon pòv mizerab gen pitye,

Touswit li potem sekou kotem te ye.

Li retirem nan labou peche,

Li mete pyem sou tè fèm se vre,

Li fè kèm rejwi e map chante

Yon chan, pou Bondye, Alelouya!

2

Li te metem sou tè fèm bò kote li

Pye mwen vin asire nan chemen lavi,

Nanpwen danje ankò, li kenbem debou,

Map mache pazapa avèk li toujou.

3

Li mete yon chan louwanj anndan kè mwen

Lannwit kon lajounen se li map chante

Kè mwen ap debòde, nanm mwen afranchi,

Tout glwa pou Redanmtè Senyè Jezikri.

4

Map chante gran mizèrikòd li pou mwen

Map felisitel jouk tan tout moun konnen

Nanpwen lòt Sovè pou lèzòm jodi a,

Vin chache sekou li avan li twò ta.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!